|
|
MOVER- |
|
|
Sou ven metye ki gen plis demand, ki bezwen plis pwofesyonèl pou travay ladan yo dekounye a lane 2010, dis ladan yo se lan domèn lasante. Yon popilasyon, k ap granmoun, k ap vyeyi, bezwen plis atansyon ak swen medical, pakonsekan plis pwofesyonèl pou bay yo swenyaj lasante. Konte Miami Dade la gen anpil pwofesyonèl medikal etranje ki soti lan lòt peyi, men ki pa kab pratike pwofesyon yo a lan peyi isit akoz pwoblèm lang anglè, mank enfòmasyon sou pwosedi kijan pou yo jwenn ekivalans diplòm yo ak ki jan pou yo jwenn lisans pwofessyonèl yo ki pou pèmèt yo egzèse pwofesyon yo lan peyi isit. Objektif pwogram MOVER la (The Medical Occupations and Vocational English Resource Project) lan sans sa se ede rezoud pwoblèm sa yo pou pwofesyonèl etranje sa yo kapab travay sou pwofesyon yo. |
||
|
|
||
|
Ki sa MOVER la ye? |
||
|
Pwogram MOVER la ofri kou anglè medikal entansif pou pwofeyonèl etranje. L ap enfòme, gide epi ede etidyan yo gen aksè ak anpil resous k ap pèmèt yo jwenn travay lan branch medical la. Pwogram nan ap pèmèt etidyan yo byen konprann sa y ap li yo epi amelyore kominikasyon oral yo, epitou etidyan yo ap kontinye ranfòse konesans yo lan laboratwa teknoloji ki geen pwogram anglè medikal la disponib pou yo pratike egzesis yo lan òdinatè. Etidyan, ki konplete pwogram MOVER la, ap gen opòtinite pou yo fè rechèch e jwenn enfòmasyon sou pwofesyon yo. Sa va ede yo anpil e pèmèt yo jwenn travay. Pwogram MOVER la, ki baze lan lekòl Lindsey a, ofri sèvis gadri tou ki pa chè pou etidyan ki gen timoun piti. Yo kapab bay etidyan yo kat otobis gratis pou transpòtasyon yo, men gen yon limit lan kat otobis yo. |
||
|
|
||
|
Ki yès ki ka patisipe lan pwogram MOVER la? |
||
|
Moun ki elijib pou patisipe lan pwogram nan se etranje ki sot lan lòt peyi e ki gen yon diplòm lan domèn medical. Moun sa a tou dwe gen papye imigrasyon ki montre ke li gen rezidans lan peyi Etazini, anplis diplòm medikal la li te pran lan peyi li. Y ap plase patisipan yo lan youn lan twa klas VESOL yo daprè règleman ak ekzijans Eta Florid la. Etidyan yo ap pwogrese lan pwogram nan dapre prèv travay yo ki montre konpetans ak konesans yo akeri. |
||
|
|
||
|
Ki bi pwogram MOVER la? |
||
|
Bi pwogram nan se ede pwofesyonèl etranje yo jwenn travay lan branch yo lan peyi isit apre pwogram nan fin ba yo bon preparasyon medikal rapid, anplis amelyorasyon anglè yo e sitou anglè medikal yo. Patisipan yo ap gen teknoloji modèn pou yo fè rechèch lan domèn y ap etidye a. Patisipan yo ap resevwa bon konsèy ak bon enfòmasyon ki pou gide yo sou ki jan pou yo jwenn kredi, sètifika ak lisans lan domèm medikal ke yo te deja ap pratike lan peyi yo. |
||
|
|
||
|
MOVER |
||
|
Pwogram MOVER
la ap ede etidyan ki fini pwogram nan jwenn travay lan pi gwo lopital ki
gen lan Florid la. MOVER ap gen sèvis k ap pèmèt etidyan ki fini pwogram nan jwenn travay lan lopital tankou Jackson Memorial, Mount Sinai ak lopital Miami Children. |
||
|
|
||
|
|
||